Jonas Beauvoir (Jonurse) ofri fòmasyon gratis nan serigrafi ak enpresyon objè pèsonalize pou 20 jèn nan Kafou
Jonas Beauvoir (Jonurse) ofri fòmasyon gratis nan serigrafi ak enpresyon objè pèsonalize pou 20 jèn nan Kafou.
Nan komin Kafou, 20 jèn resevwa yon fòmasyon gratis nan serigrafi, tablo PVC ak enpresyon objè pèsonalize.
Dimanch 14 desanm 2025, nan lokal Sant Dakèy Kafou a, Jonas Beauvoir, ke yo konnen sou non Jonurse, reyalize yon fòmasyon gratis pou 20 jèn, nan objektif pou ranfòse kapasite yo nan metye kreyatif ki ka pèmèt yo vin otosifizan ekonomikman.
Aktivite sa a te posib gras ak sipò plizyè patnè, tankou Fondation Pont de Gratitude, DentéVie, Ranayooo Quintessence, ansanm ak MC Délices et Saveurs.
Jounen fòmasyon sa a pa t kite ni patisipan yo ni responsab Sant Dakèy la endiferan. Plizyè temwanyaj te make aktivite a. Daprè Mackendy ELME, ki se yon jèn nan Sant Dakèy Kafou a, patisipan epi pòtpawòl komite Sant Dakèy la : « Jonurse te ka toujou al bay fòmasyon sa a pou gwo lajan lòt kote, men li te pito dakò pote l ba nou nan Sant Dakèy la. Nou pa gen mo pou n di mèsi, men nou vrèman kontan, paske se yon gwo chans nou genyen pou n benefisye yon fòmasyon konsa. »
Woodson CHARLES, youn nan patisipan yo, te deklare : « Mwen vrèman satisfè de aktivite sa a, paske nou pa t ap gen ase kòb pou n benefisye yon fòmasyon konsa. Mwen remèsye Jonurse ak estaf Fondation Pont de Gratitude pou bèl inisyativ sa a. »
Yon lòt kote, Mesye Bernard Henry, responsab Sant Dakèy la, pa t rete endiferan : « Lè Enfimyè Beauvoir te fè m demann lan, mwen te mobilize tout jèn yo. Jodi a mwen kontan paske aktivite sa a reyalize; se yon bèl travay. Mwen konnen kantite jefò ekip la mete pou reyalize aktivite sa a, e mwen di nou mèsi. Se Bondye k ap rekonpanse nou. Mwen ta kontan pou fòmasyon sa a fèt ankò, ak plis patisipan, paske bezwen an la. Se pa sèlman bay moun moso pen oswa pwason, men aprann yo peche. Sa pa gen pri. »
Anplis patisipan yo ki te resevwa sètifika, ekip la te onore Mesye Bernard Henry ak yon sètifika gratitid.
Jo-Van Rashy MASCARY, Roodly FÉLIX ak Jameson JEAN LOUIS se twa lòt fòmatè ki te pote sipò yo atravè pataj konesans sou konsepsyon pwojè sou Photoshop ak Canva, ansanm ak enfòmasyon teknik sou antrepriz ki vann materyèl, ak pri yo.
Objektif fòmasyon an se te fòme 20 jèn nan Sant Dakèy la nan domèn serigrafi, tablo PVC ak fabrikasyon objè pèsonalize. Pami yo, de jèn ki te pi aktif yo te resevwa onè espesyal, ansanm ak kèk materyèl ki pral pèmèt yo kòmanse.
Malgre difikilte ak sitiyasyon difisil komin Kafou ap travèse, jèn yo kontinye poze aksyon pozitif pou kominote a, prèv ke lespwa ak angajman rete vivan.
Jimmy GUERRIER
1.8 Magazine

Commentaires
Enregistrer un commentaire