Jonas Beauvoir (Jonurse) ofri fòmasyon gratis nan serigrafi ak enpresyon objè pèsonalize pou 20 jèn nan Kafou
Jonas Beauvoir (Jonurse) ofri fòmasyon gratis nan serigrafi ak enpresyon objè pèsonalize pou 20 jèn nan Kafou. Nan komin Kafou, 20 jèn resevwa yon fòmasyon gratis nan serigrafi, tablo PVC ak enpresyon objè pèsonalize. Dimanch 14 desanm 2025, nan lokal Sant Dakèy Kafou a, Jonas Beauvoir, ke yo konnen sou non Jonurse, reyalize yon fòmasyon gratis pou 20 jèn, nan objektif pou ranfòse kapasite yo nan metye kreyatif ki ka pèmèt yo vin otosifizan ekonomikman. Aktivite sa a te posib gras ak sipò plizyè patnè, tankou Fondation Pont de Gratitude, DentéVie, Ranayooo Quintessence, ansanm ak MC Délices et Saveurs. Jounen fòmasyon sa a pa t kite ni patisipan yo ni responsab Sant Dakèy la endiferan. Plizyè temwanyaj te make aktivite a. Daprè Mackendy ELME, ki se yon jèn nan Sant Dakèy Kafou a, patisipan epi pòtpawòl komite Sant Dakèy la : « Jonurse te ka toujou al bay fòmasyon sa a pou gwo lajan lòt kote, men li te pito dakò pote l ba nou nan Sant Dakèy la. Nou pa gen mo pou n di mèsi, men nou...